Si ou bezwen gen plis konesans nan nan domèn Graphic Design lan oswa ou vle konnen kòman pou vin yon MASTER nan adobe illustrator oswa ou vle vin yon PRO LOGO DESIGNER, oswa ou vle rantre plis kòb! Kou VIN YON PRO LOGO DESIGNER an se pou ou.
Nan kou sa a, mwen pral montre w ki jan pou vin yon MASTER nan adobe illustrator nou ap touche pi fò tools (zouti) yo e mwen pral moutre w kòman ou ka kreye nenpòt kalite konsepsyon logo sòti nan etap zero jiskase ou vin yon profesyonèl ou YON PRO LOGO DESIGNER.
Lè ou fini aprann adobe illustrator ansanm avèk mwen, nou pral travay sou 10 projè ansanm, nou pral REDESIGN 10 logo ansanm ki se 10 logo pi gwo konpani nan mond lan.
Mwen pral pataje tout trik ak tout teknik kòman pou design yon logo e mwen pral ba ou anpil konsèy ki gen rapò ak domèn nan (Kòman pou jwenn kliyan, kòman pou vann tèt ou sou mache a, konbyen pou chaje yon kliyan pou yon logo) ect…
Tout leson yo an kreyòl!